Sant Acorn pou Edikasyon ak Swen Bonè a se yon pwogram gadri pou timoun ki gen laj 15 mwa rive 5 an, ki dire tout jounen an, ki pale de lang, Chinwa ak Angle. Pwogram gadri a fèt nan yon sant, pou timoun ki gen ant 15 mwa ak 5 an. Pitit ou a ap resevwa edikasyon bonè nan men pwofesè ki gen eksperyans epi ki resevwa fòmasyon nan edikasyon timoun piti. Pitit ou a ap resevwa yon dejene, yon manje midi ak yon ti goute nourisan chak jou. Sant Acorn lan sitiye nan sit BCNC nan Boston, akote Sant Medikal Tufts la, epi li gen aksè a teren jwèt prive.
Frè konplè ak sibvansyone
Orè : Lendi pou rive Vandredi, 7:30 am – 5:30 pm, tout ane a
Frè: Frè konplè, plas sibvansyone
Aplike isit la pou yon frè konplè oswa yon plas sibvansyone.
Pre-K Boston
Orè : Lendi pou rive Vandredi, 8:30 am – 3:00 pm, pandan ane Lekòl Piblik Boston yo
Frè: Gratis pou rezidan Boston yo. Gen lòt frè anplis pou swen anvan ak apre lekòl, semèn vakans, ak pandan ete.
Kondisyon : Timoun nan dwe gen 3 ou 4 an depi 1ye septanm epi li dwe rete Boston, MA.
Aplike isit la pou yon plas nan Boston Pre-K.
Sant lan gen lisans nan men Depatman Edikasyon ak Swen Timoun piti Massachusetts epi li akredite pa Asosyasyon Nasyonal pou Edikasyon Timoun piti.

