Red Oak Apre Lekòl

Pwogram Aprè Lekòl Red Oak la sèvi timoun ki gen laj 5 a 13 an avèk gadri apre lekòl. Pitit ou a ap resevwa sipò akademik epi l ap patisipe nan yon seri klas anrichisman atistik, aktivite alfabetizasyon, ak aktivite deyò. Yo bay dejene, manje midi, ak ti goute chak jou. Y ap plase pitit ou a nan yon gwoup selon laj li.  

Orè Pwogram 

Lendi – Vandredi, 3:50 PM pou rive 6:45 PM 

Jou ki pa gen lekòl: 8:30 AM pou rive 6:00 PM 

Pri 

Jou lekòl: Frè konplè $132.50/semèn; Plas sibvansyone baze sou echèl frè glisman. 

Jou ki pa lekòl: Frè konplè $60/jou; Plas sibvansyone baze sou echèl frè glisman. 

Ranpli aplikasyon an